10 rezon prensipal pou ou vini sitwayen ameriken:
1- Dwa pou Vote: Sitwayen ameriken kapab vote pou moun k’ap reprezante yo nan pozisyon politik yo.
2- Yo pa p ka depòte ou: Rezidan pèmanan rete anba otorite USCIS ak tribinal imigrasyon yo e yo sijè pou depòtasyon. Men kòm yon sitwayen ameriken, yo pa ka retire dwa pou ou rete nan peyi Etazini.
3- Djòb gouvènman ak lòt avantaj: Gen travay ki disponib sèlman pou sitwayen ameriken. An reyalite ajans gouvènman yo pa pwoteje rezidan pèmanan ki kalifye pou sitwayènte ameriken e ki deside pou yo pa vin sitwayen ameriken, pandan 6 mwa apre yo fin kalifye.
4- Pozisyon politik: Ou dwe sitwayen ameriken pou ou kandida oubyen okipe yon pozisyon politik.
5-Dwa pou ou mande kat rezidans pou fanmi ou: Sitwayènte ameriken-an vini avèk privilèj pou mande kat rezidans pou fanmi-ou (paran, madanm oubyen mari, pitit ak lòt kalite fanmi ankò).
6- Pwoteksyon pou pitit ou: Pitit-ou ki rezidan pèmanan, ki poko gen 18-an (ki sou responsablite paran yo) otomatikman vini sitwayen ameriken.
7- Paspò ameriken: Lè w-ap vwayaje nan lòt peyi, ou gen tout pisans gouvènman ameriken-an dèyè-w. Ladann, ou jwenn asistans anbasad ameriken si ou ta bezwen.
8- Garanti pou retounen nan Etazini si ou vwayaje nan lòt peyi:Si yon rezidan pèmanan pase plis pase 180 jou nan yon lòt peyi, li ka pèdi kat rezidans li, lè l’ap eseye retounen depi otorite pòtyè yo ta deside li te abandone kat rezidans lan. Yon avoka imigrasyon ka jwenn pou moun ki gen kat rezidans yon pèmi pou l’retounen. Sa ka pèmèt rezidan pèmanan sa-a vwayaje epi pase jiska 2-an deyò san li pa pèdi rezidans li nan peyi Etazini.
9- Èd finansyè ak bousdetid: Anpil èd federal ak bousdetid nan kolèj yo disponib sèlman pou sitwayen ameriken.
10- Taks ak byen imobilye: Yon madanm oubyen yon mari ki eritye yon pwopriyete p’ap peye taks sou byen sa-a si li se yon sitwayen ameriken. Règleman taks yo pèmèt tou transfè papye pwopriyete gratis si toulede moun yo se sitwayen ameriken. Si mari-a oubyen madanm-nan pa sitwayen ameriken, l’ap peye taks pou transfere papye pwopriyete-a.