The numbers never lie! Check out data regarding residents in the United States.
Èske se yon jefò ki vo lapenn? Chif yo pwouve li. Rive nan ane 2011te gen 12,630.000 Pèmanan Rezidan Legal (LPRs) nan peyi Etazini. Plis pase 8 milyon te elijib pou yo natiralize. Nan eta Florid-la sèlman gen 1,210,000 (Pèmanan Rezidan Legal); 710,000 te elijib pou vin sitwayen ameriken nan ane 2010-la. Onivo tout peyi-a, mwens pase yon milyon rezidan legal aplike pou sitwayènte chak ane. Nan eta Florid-la 87,000 Pèmanan Rezidan Legal natiralize an 2011 senpman.
Ayisyen Pèmanan Rezidan Legal (LPRs)
Panyòl Pèmanan Rezidan Legal (LPRs)
Ayisyen Pèmanan Rezidan Legal (LPRs)
- Nan ane 2010 Sid Florid resevwa 8% nan total 12.6 milyon LPRs (Rezidan Pèmanan Legal yo) pou tout peyi-a.
- Antou Eta Florid gen 1,210.000 Rezidan Pèmanan Legal (LPRs) ki reprezante apeprè 9.5 %
- Sid Florid gen apreprè 47% popilasyon Ayisyen k’ap viv nan peyi Etazini.
- Nan ane 2008 te gen 230.000 Ayisyen pèmanan rezidan legal nan peyi Etazini; plis pase 60% nan yo te elijib pou vin sitwayen ameriken.
- Chak ane plis pase 11.000 imigran ayisyen vin rezidan pèmanan legal nan eta Florid la.
Panyòl Pèmanan Rezidan Legal (LPRs)
- Anviwon 70 % Meksiken rezide nan 4 eta senpman nan peyi-a
- Imigran Meksiken yo konpoze plis pase lamwatye tout lòt etranje k’ap vin nan 6 eta.
- Antre ane 2000 ak 2008, 11 eta remake popilasyon meksiken-an vin ogmante apreprè 50.000.
- Nan 4 eta, imigran Meksiken yo ogmante de 1/5 ou plis de ogmantasyon popilasyon total la ant ane 2000 a 2008
- Pls pase lamwatye popilasyon meksiken-an rezide nan 10 gran vil kapital yo nan ane 2008
- Nan ane 2008, total imigran Meksiken yo te 2 fwa pi plis pase tout lòt popilasyon etranje yo nan 10 Gran vil peyi Etazini..
- 2 sou chak 5 imigran Meksiken rantre nan peyi Etazini nan ane 2008 soti nan 6 eta Meksiken.
